Fè taks ou gratis pa ekspè nan BMC
Si oumenm oswa pitit ou a se yon pasyan nan klinik BMC Pedyat oswa Medsin Fanmi epi fanmi ou fè $67,000 pa ane oswa mwens, ou kalifye pou BMC ede w ranpli taks ou gratis.
Jwenn èd taks gratis ak benefis tankou kredi taks pou timoun ede soulaje estrès finansye ka ede diminye estrès finansye pou fanmi ou, sa ki ka ede tout moun rete an sante.
Ou ka pran yon randevou pou yon sesyon gratis an pèsòn lè w klike anba a. Epi si w pa kapab itilize preparasyon taks gratis BMC a, gen lòt resous ki disponib nan zòn Greater Boston, ou ka jwenn anba a.
Ou kapab ranpli deklarasyon ou tou ak patnè nou yo atravè Portal sou Entènèt Get Your Refund oswa nan Boston Tax Help Coalition. IRS pèmèt kontribyab yo ranpli apre dat limit la san penalite si kontribyab la gen yon ranbousman.